
Pòtoprens, 12 oktòb 2022
GREP / NÒT PIBLIK / #1
LANSMAN PATI POLITIK « GENERATION DU RENOUVEAU PATRIOTIQUE (GREP) »
Pati politik « Génération du Renouveau Patriotique (GREP) » ap enfòme piblik la ke Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) akòde li rekonesans legal li nan dat ki te 6 jiyè 2022. Kounye a, GREP prevwa patisipe nan lavi politik peyi a epi tou travay pou konsyantize konpatriyòt nou yo sou nesesite pou yo vin pote kole pou gen yon veritab chanjman nan peyi a.
Depi plizyè dizèn ane, peyi a ap konfwonte tout kalte kriz. Souvan, konpatriyòt ki pa gen konsiderasyon pou enterè nasyonal fomante kriz sa yo. Moman an rive pou nou poze ak egzamine pwoblèm peyi nou an epi tou pou nou bati yon edifis sosyal tou nèf ki baze sou linyon, yon ideyal, enterè ak objektif pataje.
Ak lide kle sa yo, GREP pral travay pou ede popilasyon an pran souf epi tou kontribye pou renouvle prestij nasyonal nou. Kafe a p ap koule ak ma fwa sa a!
Pou Komite Direksyon Pwovizwa a :
Gérald ORIOL Jr.
Sekretè Jeneral
Joacyn MARSEILLE
Prezidan